Deklare yon Eta Dijans nan zafè Lojman nan Lake Worth! Nou Bezwen Kontwòl Lwaye KOUNYE A!

Merès Betty Resch, Komisyonè Sarah Malega, Komisyonè Christopher McVoy, Komisyonè Kim Stokes, Komisyonè Reinaldo Diaz

English | Español | Kreyòl

Lwaye vin san kontwòl nan Konte Palm Beach! Depi moratoryòm sou degèpisman an te fini ane pase, nou wè yon gwo ogmantasyon nan degèpisman yo. E yo fòse plis moun nan klas travayè pou demenaje a l abite lòt kote, oswa yo pouse yo a l viv nan lari ak nan kay pou sanzabri tou senpman paske yo pa gen mwayen pou yo peye pri lwaye.

  • Nan tout eta a, mwayèn lwaye ogmante plis pase 31% nan sèlman de dènye ane yo. 1
  • Pri kay nan eta Florid te ogmante pi vit pase nan tout lòt eta, pandan ke salè t ap pwogrese mwen vit ke salè mwayèn nasyonal la. 2
  • Distri Lekòl Palm Beach te rapòte nan mwa avril 3,883 elèv pat gen kote pou yo rete epi yo t ap ajoute 50 timoun chak semèn nan lis sa a. 3
  • Sa a anplis difèt ke, menm anvan pandemi an, yo te deja rapòte Sid Florid kòm youn nan rejyon ki mwens abòdab pou lokatè nan peyi Etazini. 4

Tout bagay sa yo vin pi agrave pa yon mache imobilye espekilatif k ap fè pri kay yo kontinye grenpe pi wo, kote souvan yo achte ak revann pwopriyete plizyè fwa nan lespas youn oswa dezan sèlman, epi chak fwa pri a vin pi wo akoz envestisè rich ki plen lajan kach.

Pou bay repons ak kriz sa a, n ap mande gouvènman lokal nou yo pou yo pran aksyon sou kriz lwaye an. Gouvènman yo pa kapab kontinye pouswiv je fèmen politik ki bay ogmantasyon valè pwopriyete yo priyorite sou tout lòt bagay, san yo pa gen okenn sousi pou pri lavi oswa aksesibilite finansyè.

Lwaye Fout Twò Chè!

Se poutèt sa, n ap mande vil Lake Worth Beach pou l deklare imedyatman yon Eta Dijans nan Zafè Lojman epi pase lwa pou kontwòl lwaye, ak pran aksyon pou pwoteje lojman antan yon dwa fondamantal moun.

1 “ Desperate Florida Renters are 'Downsizing or Downgrading' as Price Increases Top the Nation”, Palm Beach Post, 6/2/22

2 "As Florida Home Price Spike, middle-class residents wonder if they can afford to stay" Washington Post, 1/18/22

3 "School District of Palm Beach County has growing number of homeless students" WPTV, 4/8/22

4 "South Florida, one of the least affordable areas in the country for renting", Miami Herald, 6/4/2019

Parrainé par

En faveur de: Merès Betty Resch, Komisyonè Sarah Malega, Komisyonè Christopher McVoy, Komisyonè Kim Stokes, Komisyonè Reinaldo Diaz
De: [Votre nom]

​ Lwaye vin san kontwòl nan Konte Palm Beach! Depi moratoryòm sou degèpisman an te fini ane pase, nou wè yon gwo ogmantasyon nan degèpisman yo. E yo fòse plis moun nan klas travayè pou demenaje a l abite lòt kote, oswa yo pouse yo a l viv nan lari ak nan kay pou sanzabri tou senpman paske yo pa gen mwayen pou yo peye pri lwaye.

Nan tout eta a, mwayèn lwaye ogmante plis pase 31% nan sèlman de dènye ane yo. (1)
Pri kay nan eta Florid te ogmante pi vit pase nan tout lòt eta, pandan ke salè t ap pwogrese mwen vit ke salè mwayèn nasyonal la. (2)
Distri Lekòl Palm Beach te rapòte nan mwa avril 3,883 elèv pat gen kote pou yo rete epi yo t ap ajoute 50 timoun chak semèn nan lis sa a. (3)
Sa a anplis difèt ke, menm anvan pandemi an, yo te deja rapòte Sid Florid kòm youn nan rejyon ki mwens abòdab pou lokatè nan peyi Etazini. (4)

Tout bagay sa yo vin pi agrave pa yon mache imobilye espekilatif k ap fè pri kay yo kontinye grenpe pi wo, kote souvan yo achte ak revann pwopriyete plizyè fwa nan lespas youn oswa dezan sèlman, epi chak fwa pri a vin pi wo akoz envestisè rich ki plen lajan kach.

Pou bay repons ak kriz sa a, n ap mande gouvènman lokal nou yo pou yo pran aksyon sou kriz lwaye an. Gouvènman yo pa kapab kontinye pouswiv je fèmen politik ki bay ogmantasyon valè pwopriyete yo priyorite sou tout lòt bagay, san yo pa gen okenn sousi pou pri lavi oswa aksesibilite finansyè.

Lwaye Fout Twò Chè!

Se poutèt sa, n ap mande vil Lake Worth Beach pou l deklare imedyatman yon Eta Dijans nan Zafè Lojman epi pase lwa pou kontwòl lwaye, ak pran aksyon pou pwoteje lojman antan yon dwa fondamantal moun.

1 “Desperate Florida Renters are 'Downsizing or Downgrading' as Price Increases Top the Nation” - Palm Beach Post - 6/2/22