Kreyòl: Sondaj sou Negosyasyon ADU
Chofè Massachusetts An Premye!
Chofè nan Massachusetts yo te òganize pandan plizyè ane pou yo kapab genyen pwop sendika pa yo. An 2024, apre viktwa nou nan bilten vot la, nou te genyen dwa pou nou fome sendika pa nou . Apre sa, plizyè dizèn milye chofè te siyen kat pou yo rantre nan sendika a. Nan dat 22 me, App Drivers Union te ofisyèlman sètifye kòm premye sendika chofè pasaje Ozetazini! Kounye a, konpayi yo gen pou yo chita avèk nou pou yo negosye yon kontra.
Kontra sendika nou an pral pemet nou genyen plis lajan, pwoteksyon kont dezaktivasyon, ak pi bon kondisyon travay. Komite negosyasyon nou an, ki konpoze de chofè, ofisye sendika, ak avoka, pral negosye yon akò ak konpayi yo.
Si yo rive jwenn yon akò sou tab la, majorite chofè yo pral dwe vote pou aksepte li.
Si nou pa ka dakò sou yon kontra nan 180 jou, chofè yo ka vote pou voye l bay yon panèl ki ganyen twa abit kap revize dosye a, epi pran yon desizyon final. Youn ladan se yon abit net. Si genyen dezako ant de lot yo , se abit net la kap bay vot ki deside rezilta final la.
Sendika Chofè Aplikasyon an se yon sendika pou chofè, se chofè yo menm ki dirije li. Ranpli sondaj la pou fè tande vwa ou. Komite negosyasyon an pral prezante pwopozisyon nou yo sou salè ak lòt pwoblèm enpòtan sou tab negosyasyon an, men nou bezwen kontribisyon ou anvan. Li enpòtan pou ou ranpli sondaj la epi pataje li ak lòt chofè yo. Vwa ou genyen vale epi li pral kontribye dirèkteman nan fòme pwopozisyon nou yo.
Vin Patisipe nan sendika a! Pou nou kapab jwenn salè ak amelyorasyon nou vle yo, chofè yo dwe mobilize an mas pou nou genyen sa nou merite a.